Avèk sipò patnè nou yo, CMMB twavay san rete pou yo ka resevwa materyel medikal enpòtan, tankou ekipman pwoteksyon pèsonel (PPE) ak savon, pou etablisman swen sante nou yo. An menm tan, ekip teknik nou an te kowòdone pwogram fomasyon vityel gras ak sesyon videyo an liy ak konferans videyo pou yo prepare twavayè swen sante yo pou nouvo regleman ak pratik chanjman. Nan videyo ki anba a, ou ka wè jefo repons nou an an aksyon.

 

Estasyon depistaj nan sant sante Bishop Joseph Sullivan (BJSH) ak klinik Gri-Gri nan Kòt Defè (Ayiti),te enstale nan antre yo pou separe pasyan ki sispèk ki ka genyen COVID-19 ak moun ki vinn chèche sèvis nòmal yo.

Yo te mete kanpe douvan tout antre sant yo estasyon pou lave men ak savon ak dlo pwop kwape malady a.

Covid-19 handwashing center

Ekip nou an ap prepare yon plas ke yo te itilize leu te gen epidemi kolera a, ki ka trete anpil moun ki gen COVID-19.

Anplwaye nan BJSH ap sèvi ak pwotokol sekirite sosyal nan distans lan pou kenbe malad yo an sekirite, epi mete an plas mwayen pou asire ke moun kap bay swen sante yo gen yo ekipman pwoteksyon pèsonel epi pwan fòmasyon pou yo konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo leu yap bay moun ki gen COVID-19 yo swen.

Batay nap mennen kont COVID-19 lan poko ap janm fini kounyè a. Nou bezwen sipò w pou anpil tan pou nou kwape maladi a ki deja nan zòn ki pi fèb yo.

Learn more about our global response to COVID-19.